Flash, lapolis pote boure, Yo debloke wout Arnel te bloke a, Arnel kidnape on bis ak tout moun ladan

Flash, lapolis pote boure, Yo debloke wout Arnel te bloke a, Arnel kidnape on bis ak tout moun ladan
Maten madi 28 Me 2019 la, Rout Nasyonal #1 an bloke nan nivo Vila, (zòn ant Pon Sonde ak Lestè), depatman Latibonit. Mwen sou plas depi plis pase 2 èd tan, pa gen okenn mwayen pou menm moto travèse. Machin yo kwaze ak estrateji, pou okenn chofè pa ka fè rout dekoupe. Mwen konstate yon gwo bis ki t ap rantre Pòtoprens kanpe an kwa nan rout la, tout kawoutchou yo plat. Pi devan yon trelè Coca Cola kwaze nan rout la tou, tout kawoutchou plat. Selon temwanyaj moun nan zòn nan, se Arnel Joseph ak rès ekip li ki ta dèyè aksyon sa yo. E moun yo temwanye tou, otè zak yo rive kidnape yon bis ki t ap soti Podepè, yo fouye tout moun, yo rantre ak bis la nan baz yo, ak tout pasaje yo. Pou kounye a, revandikasyon prezime bandi yo poko piblik. Fòk mwen presize tou, mwen soti Okap a 5:00 maten an, mwen pa janm kwaze ak yon polisye jouk mwen rive Vila. Depi plis pase 2 zèd tan, okenn otorite legal pa mete pye.


View on YouTube

Comments