Gerard Pradel - Rapò sou violans ki fèt nan manifestasyon 18 Novamb 2014 peyi Dayiti Opozisyon radikal peyi dayiti ki genyen ladanl MOPOD ak Fanmi Lavalas....


Rapò sou violans ki fèt nan manifestasyon 18 Novamb 2014 peyi Dayiti

Opozisyon radikal peyi dayiti ki genyen ladanl MOPOD ak Fanmi Lavalas, des moun ki kwè nan violans, deside pou yo te oganize yon manifestasyon jou ki te 18 Novamb lan kont gouvènman Prezidan Michel Mateli. Anvan manifestasyon sa te oganize te genyen nouvèl ki tap sikile nan lari Potoprens ki te fè konnen ke gen mamb Fanmi Lavalas ta pral tire sou manifestasyon sa pou fè san koule e mete sa sou do gouvènman Mateli a. Se pa premye fwa ke Lavalas fèsa. Nou sonje majò jon lavalas yo te lage yon bomb nan Petion Ville 5 Desamb 1990 e yo te di ke se gouvènman an ki te lagel. Se dirijan Fanmi Lavalas tou ki touye 20 militan OKAP e se yo ki touye yon militan ki rele Paul Ambroise alias Ti Kotton epi yo di ke se lòt mou. Pou koute temwanaj sou sa, teke la: https://soundcloud.com/studio21fm/revelations-euvonie-georges-auguste-responsable-national-de-fanmi-lavalas-execute-20-militants Mesye Lavalas sa yo toujou bezwen kadav ak san kid we koule pou fè kapital politik yo. Dwazimen ak jounalis ki zanmi yo sere kòze sa yo. Jou manifestasyon 18 Novamb lan genyen gwo violans ki pete nan lari a kote genyen 3 moun ki pran bal. Temwen ki te la idantifye depite Arnel Belizè ak kèk nèg ki te genyen mayo wouj sou yo kòm moun ki responsab fiziyad sa kifèt sou manifestan yo. Lè nouvèl sa pran lari Depite Arnel Belizè ki te panike kouri monte sou radyo Metropole kote li demanti nouvèl la e li di ke se pa limenm ki tire sou manifestan yo. Depite Belizè di ke se sekirite palman ki te gen mayo wouj sou yo ki tire sou manifestan yo. Men lè ou analize deklarasyon Depite a ou wè ke lap bay manti. Pou verifye repòtaj sa ke radyo metropole reyalize sou violans sa yo ak deklarasyon ke Depite Arnel Belizè te fè mwen envitew teke la: http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_une_fr.php…
Ankèt ke nou fè e foto ke nou jwen demontre ke depite Arnel Belizè a bay manti. Limenm ak tout ekip mayo-brasa wouj yo te ansamb. Nan ekip brasa wouj sa te genyen Depite Arnel Belizè ki te genyen nan men li yon gwo zam fanfwa, a kote li ou jwen Senatè John Joel Joseph ak yon pakèt chimè violan ki genyen mayo wouj sou yo ak gwo zam nan men yo. Se yo ki te dèyè violans sa yo. Se chimè a mayo wouj sa yo ke pèp la ki tap gade idantifye kom moun ki tap tire sou manifestan yo. Chimè ki tap tire sou manifestan yo e ki te genyen mayo wouj sou yo soti nan yon oganizasyon ki rele MOPAM. Pou kreye divèsyon Depite Arnel Belizè kouri rele mennaj li ki Nouyok, Tina Lorquet ki se chèf pwopagand kap fè manti pou yo. Yo mande Tina kouri pibliye ke se lapolis ak nèg ki soti palè nasyonal ki tap tire sou manifestan yo. Nou sonje ke se pa premye fwa ke peyi a kenbe Arnel Belizè nan zafè violans politik. Li patisipe omwen nan 4 zak malonèt konsa. Senatè John Joel limenm se ansyen chofè Amaral Duclona e misye te nan operasyon Pakatann, operasyon Bagdad 1 e 2 ki touye 108 polisye ak plis pase 2000 kretyen vivan. Lavi mesye sa yo chita sou violans. Depi plis pase 20 lane violans politik fè pati de filozofi Lavalas la. Mezanmi men kèk foto manifestasyon an pou apiye sak sòt di la.

Comments

Popular Posts