On Patwouy Lapolis ouvè bal sou on Dyaspora san poze l kesyon. Me kòman POUCHON fè mouri Aux Cayes

On Patwouy Lapolis ouvè bal sou on Dyaspora san poze l kesyon. Me kòman POUCHON fè mouri Aux Cayes
Pouchon achte on teren Aux Cayes pou l konstwi on makèt, li soti ETAZINI, li rantre Haiti li al vizite teren an, lè li rive sou teren an, li jwenn konstrisyon ap fèt sou teren li an. Li mande kiyès ki mèt kay sa kap konstri sou teren li an... Daprè enfòmasyon yo, se yon avoka ki konstri sou teren li an... Pandan gwo diskisyon ap fèt, on gwo foul moun soti pou anvayi li... daprè k sa komisè richmond deklare, ta sanble se avoka ki fè konnen ke Dyaspora, nap pale de pouchon se on vòlè... Lè bagay la kòmanse dejenere, POUCHON fè 2 katouch anlè pou l ka ale kite espas kote li te ye a... Se konsa, foul moun ki te prezan nan moman, rele lapolis, yo di ke gen on machin ki sot tire 2 moun, moun ki nan machin lan se vòlè... Pandan Pouchon ap kondi machin lan pou li ap pote plent nan komisarya, li kwaze ak on patwouy lapolis ki simaye bal sou li san poze li okenn kesyon.


View on YouTube

Comments

Popular Posts