Lapolis mete men nan kòlèt 2 bandi sa yo ki te touye on ti dam 14 lane pou on ti telefòn...

Lapolis mete men nan kòlèt 2 bandi sa yo ki te touye on ti dam 14 lane pou on ti telefòn...
Komisè gouvènman AUX CAYES la, ansanm ak ekip li akonpaye la polis nasyonal Sid mete anba kòd 2 prezime bandi Amazan Edrison alias "Patchouko" 16 ans, Pierre Thony Samson alias "Baba" 18 ans ki te touye Mardochée Wagnac, yon Tifi 14 lane nan vil AUX CAYES pou yon telefòn yo ta l vòlè nan men li Mèkredi 21 Oktòb pase a. Yo arete yo nan lokalite Brefèt VIL AUX CAYES, vè 4h50 maten Lendi 26 Oktòb 2020 an. Alòske nan yon lòt operasyon a 2h maten lendi 26 Oktòb lan nan lokalite SOVO, Komin Camp-Perrin, Komisè gouvènman AUX CAYES la rivé sezi 3 kilo POUD BLANNN et arete 3 Moun. (2 Jèn gason ak yon pèsonaj fanm 50 lane).


View on YouTube

Comments

Popular Posts