Chèf Bandi Krisla ak Ti Lapli avili Mèt Morin sou Radio Caraibes k'ap monte fo dosye , bay bandi kòb

Chèf Bandi Krisla ak Ti Lapli avili Mèt Morin sou Radio Caraibes k'ap monte fo dosye , bay bandi kòb
Chèf bandi Krisla avili mèt morin kòm kwa se ta li ki ta met pawòl nan bouch chèf bandi Ti Lapli pou avili ansyen minis Jean Fritz JEAN LOUIS kòm kwa li te al pot zam ak lajan bay bandi yo epi yo tou pete katouch sou li. Fritz Jean Louis sou radio Caraibes te bay vèsyon pa'l kote li di se manti, li pat nan kesyon bay bandi zam ak lajan men bandi ak zam te bal 2 katouch vre pandan li te sou wout li. Fritz voye manda bay Volcy Assad Gazette Haiti, Pierre Esperance ak Louko Desir kòm moun ki ta konplis apre yon kòmantè yo fè sou yon voice ki sou rezo yo. Krisla sètifye ke se Mèt Morin Radio Zenith ki monte koze sa selon sa li di ke Bandi ti Lapli di'l. Ti Lapli konfime pou'l di li pa janm rankontre Fritz Jean Louis, li pa menm rekonèt li e se manti li pat janm tire'l vre jan sa ap sikile sou kèk radio ak jounal jan wap gad nan video a. Ti Lapli di sa se yon dosye politik, y'ap eseye mete'l nan mitan. Subscribe for more! Inscrivez Vous à La Chaîne pour recevoir les meilleurs Clips en exclusivité.


View on YouTube

Comments

Popular Posts