Dr. Hugues Sanon lage yon lòt PLON GAYE sou Opozisyon ak Pouvwa a

Dr. Hugues Sanon lage yon lòt PLON GAYE sou Opozisyon ak Pouvwa a
Dr. Hugues Sanon, nan deklarasyon "plon gaye, gaye plon" lap fè yo di konsa, "moun ki kenbe kiyè bwa se li ki konen si'l cho" Li di "mèt do pa grate do", Jovenel pran nan cho, li ale chachė kėk gro palto pou vin'n bay ti piti yo zoklo. Men, sonje Ayiti se bòl bė kominote entènasyonal; e ou pa dwe me te chat veye bè. Yap fin'n manje'l epi yap di se rat. Hugues Sanon di ke pèp Ayisyen an abitye chante OEA, OEA lė'n grangou nou pa jwe, paske yo te konstate ni OEA, ni Munistah, ni Protektora fė Ayiti ap mache doba ak kolera, plis konplo, kout kouto, anbago fè lap trenen sou do. Hugues Sanon di èske nou pa ta dwe felisite opozisyon politik la pou dokiman sòti kriz sa yo prezante bay popilasyon an lè yo fin'n dechouke prezidan Jovenel? Hugues Sanon, li mande tou, eske se pa yon dokiman retire pye'w pou'm mete pye pa'm ke li ye? Eske objektif la se pa jete prezidan Jovnèl pou vin'n souse dous makòs la tou, epu mete gouvènman defakto pou 3 zan jiska fevrier 2022 oubyen pou jouska letènite, brase lajan epi pa jan'm fè eleksyon? Li mande eske se pa yon dokiman kou deta ke opozisyon yo prezante bay pėp Ayisyen an la anba anba?. Subscribe for more! Inscrivez Vous à La Chaîne pour recevoir les meilleurs Clips en exclusivité.


View on YouTube

Comments

Popular Posts