Nyrvah F. Bruno - An nou mete Ayiti dabò, o nom de lanmou nou gen pou peyi ya





Fok nou konpran'n byen sa ki ap pase la'a. Nou pa dwe nan emosyon Ayiti peyi nou two enpotan, pou nou lague'l nan kouri.
pou ki sa li paka plase'l nan premye plas la, e nou tout nou mete men pou li avanse. Fok nou bare chemen ak apatrid. Divizyon se yon pwazon violan, moun ki ap van'n li yan se yon kriminèl. Sèl sa li pote se destwiksyon


Pa gen anken vizion Martelly Lamothe nan pouvwa sa'a, nou konnen sa, Se yon pouvwa negosye li ye. Gen plis lavalassien ak tout lot ke moun ki te goumen pou ateri prezidan yo Michel Joseph Martelly. Se sa, ki pi gwo pwoblèm nan, yo ap kase pouvwa an dedan.
O lye pou nou te genyen yon opozisyon eklere ki tap ede pouvwa'a nou jwen anpil nan palmantè yo ki ap brandi menas pou destitiye Ekzekitif la. Aprè ou tande la pè, negosiasyon an tombe. Sa ki pi entelijan yo mete tèt yo ansam e konsa yo pataje pouvwa ekzekitif la. YO AP FÈ E DE FÈ.
Feblès pouvwa'a, li negosye twop, li vini vid, li pa gen fos. Se fòt tout palmantè yo san ekseption. Yo te konnen feblès ekzekitif la, yo te kanpe jam’m nan tout sòt de koze, tan pou yo te mete Ayiti avan tout konsiderasyon.
Jodia ya, yo mem tou viktim nan fason pa yo, mem jam ak ekzekitif la.
Se renmen Chef Leta ‘a ta renmen pa gen men li lib pou li enpoze politik li e poze jalon li vle pou li devlope komin yo, li pa kapab.
Ou jwen Depite yon eli tankou eli yo ki nan komin yo enpoze yo an gran se yo mem ki mete majistra yo, grefye yo, Jij de pè yo, komisè yo, yo sèvi ak feblès ekzekitif la genyen sou pwa chantay, pou yo separe pouvwa moso- pa-moso. Jodia’a pa pale de pouvwa Martelly-Lamothe men pito de yon derive palemantè ki mennen nou preske peyi ya nan yon abim.
Tout sa ki rete Nan Prezidan Martelly se volonte ya ak detèminasyon an.
Ki sa ki fos peyi ya se collektivite yo, Nan men ki es yo ye?
Ki wol yon palmantè ke lejifere ede ekzekitif la repond ak popilasyon an nan fason ki pi efikas la pou byenèt tout moun. ki wol yo jwe nan pouvwa’a jodia anpil nan yo … e ki fos sa ki di yo pwoch pouvwa anploye negosiasyon ki vle di pouvwa pataje, An yon mo chantaj.
Ki moun ki eli nou konnen, ki de bon gre ap asepte ke pouvwa li negosye.
Prezidan Martelly rive ak tout fos li pou li goumen e avanse peyi ya, yo mete’l chita. Pou li soti nan sitiyasyon sa’a, fok li fè eleksyon vit pou li ka debarase’l de parazit ki kroke sou li yo e konsa ateri politik li vizion, jan li te reve’l gran pou peyi ya.
Gen pèsonalite Martelly se vre, men gen nasyonalist la tou, nèg fyè e arogan tou, ki ap goumen pou li make diferans lan.
An nou mete Ayiti dabò, o nom de lanmou nou gen pou peyi ya.

SOLDA AYITI AYITI SOLDA

AMEN

Comments

Popular Posts