Ariel Henry bloke MOUN ki tap vwayaje NICARAGUA yo: Anpil moun fache, yo vann kay, vann tè, vann bèt

Ariel Henry bloke MOUN ki tap vwayaje NICARAGUA yo: Anpil moun fache, yo vann kay, vann tè, vann bèt
Apati jodi lendi 30 oktòb la, tout vòl kap soti Ayiti pou ale Nikaragwa KANPE. « Se gouvènman Ayisyen an ki pran desizyon sa a ofisyèlman », se sa jounal🇺🇸@MiamiHerald rapòte. Jodi a sèlman, te gen omwen 5 vòl ki te prevwa soti Pòtoprens pou ale ayewopò entènasyonal Augusto Cesar Sandino, nan vil Managua. Pandan medya Florid la anonse nouvèl la, te gen plis ke 1,000 pasaje anfas tèminal depa ayewopò Toussaint Louverture la, ki tap tann yo rele yo pou anbake nan avyon. Anons sa tonbe, aprè depatman deta🇺🇸fin denonse sa yo rele « eksplwatasyon » migran kap fèt nan kesyon vwayaj Nikaragwa a.


View on YouTube

Comments

Popular Posts