Flash: 2 kidnapè anba kòd + 2 moun mouri anba katouch, 20 blese

Flash: 2 kidnapè anba kòd + 2 moun mouri anba katouch, 20 blese
Gen de kidnapè yo pran nan zòn Aquin, nèg yo te mande $30,000 Ameriken pou libere on ti gason 17 lane ke yo pran 14 desanm lan. Plis pase 20 moun blese, 2 moun mouri apre nèg ak zam di yo se Lapolis an sivil, antre nan yon pwogram kiltirèl ki tap fèt nan zòn bèten Kafou, vide moun ak bal. Nan kouri, pye kase, moun pran bal tout kote. Ak anpil dlo nan je pou moun yo ap esplike sak rive a pandan yo fè konnen ke kafou pa konn gen jan de zak sa yo e yo pè pou zòn nan pa vin tounen yon zòn de non dwa menmjan ak lòt kote.


View on YouTube

Comments

Popular Posts