Moman Verite: Pi gwo bandi ki genyen an HAITI, pi gwo chèf gang, gwoup gang: ensekirite, leta fèb

Moman Verite: Pi gwo bandi ki genyen an HAITI, pi gwo chèf gang, gwoup gang: ensekirite, leta fèb
Liliane Pierre Paul: vrè rezon ki fè komisè gouvènman Jacques Lafontan demisyone, Panik nan PHTK Mèt Jacques Lafontant ki se komisè gouvènman Pòtoprens la remèt demisyon li bay minis jistis la mèt Rockefeller Vincent, dapre lèt li ekri ki pote dat jodi mèkredi 22 jiyè a. Nan lèt demisyon sa ki sanble ekri ak yon plim bwa asowosi tèlman li amè, komisè a ki di li itilize sa mesye save yo rele “ Lè paralisme des formes” poul pale ak minis la ki jou ki te 20 jiyè a te ekril yom lèt blame kote li te pale de “ Rumeurs persistantes” ( sou li) konsènan zafè moun kap vòlò kay ak tè lòt moun, mande mèt Rockefeller : 1) ki moun ki te abitye lage moun ki nan move zafè, tankou vyòl, vòlò kidnapè lè li te komisè gouvènman nan vil kap Ayisyen nan lane 2006? 2) ki moun yo te kenbe nan zak kòripsyon, nan lage moun nan prizon ilegalman an 2005 ak 2009? 3èm kesyon komisè a poze minis la li mandel, ki moun ki pa two lontan la ansyen minis Heidi Fortuné te revoke pou enkapab? Anfen Komisè demisyone a Mèt Jacques Lafontant raple minis jistis la plizyè lekòl li te pase isi kòm lòt bò dlo kotel chire anpil pantalon sou ban yo poul te jwen diplòm yo, e diplòm sa yo li fè minis la konnen yo pa “fake” kòm kwa se pa devan kontribisyon li te achte yo, se bagay ki otantik, orijinal. Fòn souliye pou ou ke demisyon sa vini 2 jou apre ke minis Rockefeller Vincent te voye blamé komisè a pou moun kap fè wondonmon ak lòd li pasel pou egzekite.


View on YouTube

Comments

Popular Posts