Misty Jean sezi, li mande jistis pou Nancy ak Sebastien ke bandi fin touye apre yo mete dife sou yo

Misty Jean sezi, li mande jistis pou Nancy ak Sebastien ke bandi fin touye apre yo mete dife sou yo
Se avek anpil tristès mwen aprann nouvèl lanmò Nancy ak Sebastien. Yo te ofri èd yo kòm dansè nan show mwen ta pral fè 2 jiyè an. Mwen pat rekonèt yo pèsonelman men ti tan mwen pase avèk yo fè m reyalize yo te chaje talan, motivasyon ak gou pou lavi. Map voye senpati mwen bay fanmi ak zanmi yo nan moman difisil sa. Malerezman pou onore memwa yo, m pap ka fè show a le 2 anko, map fè nou konnen kilè prochen dat la. M swete Nancy ak Sebastien jwenn jistis. Twop krim nan peyi a. Mèsi.


View on YouTube

Comments

Popular Posts