Gwo Rankont ant tèt Lapolis ak tet Lame a sou kout zam ki tire ant yonn ak lòt

Gwo Rankont ant tèt Lapolis ak tet Lame a sou kout zam ki tire ant yonn ak lòt
M trouvé Michel Martelly se yon nèg ki pa respekte moun, ni pa rinmin pèp Haitien, misye trè inpridan e mechan. Pandan ke misye plin pwoteksyon li mete lavi anpil lòt moun an je, espesyalman pwòp moun k'ap sipoté li yo, e li ta supoze ap pwoteje. Aksyon misye se aksyon Vagabond. Jis pou pwòp satisfaksyon pa li, li kite arogans li fè li avèg. Sa ki pi mal lan, se rès inbesil pwòch li yo kap swiv li an. Si li te gin minm bon sans pou li te bay valè a lavi a yonn nan fanatik li k'ap swiv li yo, li ta dwe wè li pa nesesè pou li ta mete moun deyò nan lari. Kòm se pa fanmiy pay, ni zanmi pay k'ap viktim, alò kite mele bonday si yon moun mouri, depi rèv li reyalize. Ap toujou gin pou ak kont nan ninpòt sitiyasyon min yon bon lidè ki gin mwèl nan tèt ay, bay minm lavi yon chin inpotans. Se tris lè yon pèp inedike, grangou, ninpòt voryin ka fè yo fè tintin, minm si sa ka koute vi yo. Se tris, sa bay lapèn.


View on YouTube

Comments

Popular Posts