FLASH! Prezidan Jovenel Fenk debake 8 gwo jeneratri pou bay AUX CAYES ak TI GWAV kouran 24/24

FLASH! Prezidan Jovenel Fenk debake 8 gwo jeneratri pou bay AUX CAYES ak TI GWAV kouran 24/24
Dosye kontra kouran leta Ayisyen avèk #HAYTRAC Jodi 9 Desanm 2019 la prezidan Jovenel retounen sou dosye kontra kouran avèk konpayi “HAYTRAC’ epi pran gwo desizyon sou zafè kouran pou vil Okay ak tigwav ke konpayi sa te gen kontra pou bay kouran. Prezidan jovenel fè konnen ke dapre yon dokiman ke li jwen ki te soti nan lane 2015, kontra kouran HAYTRAC avèk leta Ayisyen fini depi 2014 men malgre sa jis nan lane 2019 la HAYTRAC tap touche 2 milyon dola ameriken chak mwa pou kouran li swa dizan bay nan vil okay ak tigwav. Chèf leta di ke Konpayi HAYTRAC te gen kontra pou bay 6 megawatts kouran nan 2 vil yo men ti gwav se selman 1.5 megawat li bay epi okay 3 megawat e ke gen limyè ke pa gen limyè ki bay leta kale konpayi an 2 milyon dola, lè yo fè kalkil de 2014 lè kontra te bout a 2019 leta depanse 144 milyon dola pou kouran pou vil okay ak ti gwav. Prezidan di li jwenn 8 jeneratris ke HAYTRAC te kòmande li pran yo li pral voye 4 tigwav 4 okay pou bay popilasyon an kouran. Prezidan jovenel fini poul di leta pa sezi santral pèsòn moun jan yo ta vle fè konprann sa. Subscribe for more! Inscrivez Vous à La Chaîne pour recevoir les meilleurs Clips en exclusivité.


View on YouTube

Comments

Popular Posts