Senatè Nenel Cassy ka touye pwòp Pitit li pou pouvwa, selon sa yon pwòch li denonse l'ap bay bandi

Senatè Nenel Cassy ka touye pwòp Pitit li pou pouvwa, selon sa yon pwòch li denonse l'ap bay bandi
Guy, se yon ansyen pwòch senatè Nenel Cassy nan miragwàn ap denonse senatè a kòm kwa li ta konplis nan lanmò polisye a ke bandi a zam ki kanpe dèyè barikad yo asasinen. Li di pou pouvwa, senatè Nenel ta ka touye menm pitit li. Li di Senatè a ame yon pakèt gang nan zòn nan. Selon Guy sa, se pa ta premye fwa yo fè zak sa yo, yo konn abitye touye polisye e boule yo. Guy sa k'ap denonse Nenel Cassy a te nan eleksyon ak li sou premye manda senatè kote jodi a li mande konkou entènasyonal la pou vinn ede ak Nenel Cassy k'ap met problem nan zòn nan. Guy di rezon ki fè li divòse ak senatè Nenel Cassy, se paske senatè a te mande'l kèk bagay malout pou'l te fè pou li, li te refize. Li di lontan yo te konn rele l rat pa kaka pou jan de aksyon li te konn fè, menm fanmi l te pè'l. Subscribe for more! Inscrivez Vous à La Chaîne pour recevoir les meilleurs Clips en exclusivité.


View on YouTube

Comments

Popular Posts