Reginald Boulos di li retire kòl nan kòlèt Arnel Belizaire apre menas sou lekol ak Anbasad

Reginald Boulos di li retire kòl nan kòlèt Arnel Belizaire apre menas sou lekol ak Anbasad
Tou swit apre repons Anbasad Amerikèn nan kote yo di deklarasyon Arnel Belizaire a nan yon nòt se yon menas sou Anbasad, Union School ak Lakouwòn, Reginal Boulos pat pran tan pou ekri yon nòt e fè konnen ke yo pran distans yo oubyen sot kò yo sou Arnel Belizaire paske #MTVAYITI pa pwomote Vyolans, e tout sa Arnel di yo se li ki responsab yo. Arnel Belizaire menm pat met dlo nan bouch li pou'l di Boulos: "Arnel pa janm gen foli ran, li ap janm gen foli kan. Li di li pat janm manb #MTV. Li di moun ki sot nòt la, gen yon lè ki pral rive, yo pral bay esplikasyon kòman yo fè pèmèt yo lye Arnel nan nòt sa. Arnel di li pa janm pè, li pa gen Mèt li pa janm pè bouda gwo mouche. Arnel ale pi lwen pou'l di Reginald Boulos gen pou bay esplikasyon a ekip la, èske se paske li wè y'ap atake boujwa parèy li, li kòmanse rantre kò'l paske li pè Président Jovenel Moïse ki fè li vle lage tout nèg ki nan batay la... Subscribe for more! Inscrivez Vous à La Chaîne pour recevoir les meilleurs Clips en exclusivité.


View on YouTube

Comments

Popular Posts