FLASH! Lapolis mete Arnel Belizaire anba kòd ak 3 gwo zam, plizyè pistolè ak yon pakèt katouch

FLASH! Lapolis mete Arnel Belizaire anba kòd ak 3 gwo zam, plizyè pistolè ak yon pakèt katouch
Wi! Nouvèl la konfime ke lapolis mete ansyen Depite Arnel Belizaire anba kòd nan Jacmel vè 12:45 AM ak 7 lòt nèg ki te avek li. Jan wap gad nan video sa, yo jwenn li ak 3 gwo fizi fann fwa ke yo di se zam ilegal, 5 Pistolè, 3 grenad lakrimojèn, yon grenad a fragmantasyon, yon mask a gaz, 12 chajè pistolè, 7 chajè fizi 7.56, Yon chajè fizi 7.62, 160 Katouch 45, 15 katouch 40. 192 katouch 556, 42 katouch 5.62 epi genyen 3 machin li te gen nan men'l. 10 katouch 12, 500 katouch 9 milimèt. Li te gen 32400 Goud. Y'ap fè anpil manèv pou antre P-au-P ak Arnel Belizaire nan moman an la. Gen posibilite se nan avyon oubyen nan bato pou rezon sekrite yo antre ak Arnel Belizaire jan yo te antre ak Arnel Joseph. Pòt pawol Lapolis la ap bay plis detay. Subscribe for more! Inscrivez Vous à La Chaîne pour recevoir les meilleurs Clips en exclusivité.


View on YouTube

Comments

Popular Posts