Majistra Rosemila salanbe Prezidan Jovenel. Li byen kontan li pat ansent ak bagay"SuivezMonRegard"

Majistra Rosemila salanbe Prezidan Jovenel. Li byen kontan li pat ansent ak bagay"SuivezMonRegard"
Majistra akayè a, Rosemilla Petit-Frere salanbe Prezidan Jovenel byen salanbe. Li di Bondye fè li pat ansent lè Président Jovenel Moïse te di #SuivezMonRegard, men malerezman pou fanm ansent yo ki pral gade "REGARD" Prezidan an, paske nan 10-15 zan n'ap oblije kouri kite peyi a. Li di sèl kalifikasyon li ka bay Prezidan Jovenel se yon "MANTÈ PWOFESYONÈL" Li te tou profite di pou moun akayè kontinye kanpe dèyè barikad yo e monte yo piwo jispaske Prezidan Jovenel kite pouvwa a. Li te tou profite reponn moun k'ap di Manda Majistra yo pral fini, li di se Prezidan Jovenel ki fè yo mal pase oubyen pa byen wè devan popilasyon an. Li voye yon pinga bay lapolis pou yo pa antre nan komin akayè nenpòt jan pou vinn fè dezòd. Majistra a lage'l san aneztezi... 👇 Subscribe for more! Inscrivez Vous à La Chaîne pour recevoir les meilleurs Clips en exclusivité.


View on YouTube

Comments

Popular Posts