Bò frè Muraille Jean Mirtho ki wonfle 'l la DEMANTI Muraille e bay rezon pouki li bat Muraille

Bò frè Muraille Jean Mirtho ki wonfle 'l la DEMANTI Muraille e bay rezon pouki li bat Muraille
Cassy Alcide, bòfrè Jounalis Radio Zenith lan ki se Muraille Jean Mirtho ap esplike pouki li te wonfle jounalis la, kase tèt li. Cassy Alcide se yon evanjelis pwotestan menmjan ak Muraille, men li se yon enjenyè tou. Se pandan li sot legli al fè yon ti priye, li jwenn Muraille kanpe ap pale ak kèk nèg, li salye yo epi Muraille di: Li pa vle okenn KOWONPI PHTK vinn pale la" Bòfrè a di, si w ka pran yon ti tan tounen lekòl pou aprann pale ak moun, tounen lekòl. Bòfrè a di se gade li gade Muraille PAN nan batwèl figi'l ak yon KALÒT. Li di se bat lap bat PHTK kounye a. Bòfrè a di li dekontrole ak souflèt la, li oblije pran yon wòch pete tèt Muraille, yon lòt zanmi te la pouse bòfrè a pou separe yo, li blayi atè a epi Muraille monte sou li atè a epi kout dan tonbe. Bòfrè demanti koze ki ta di se pouvwa a ki te voye wonfle Muraille paske li menm li pa nan politik, se evanjelis li ye, predikatè ak monitè ekòl du dimanch. Bòfrè a ap temwaye san aneztezi Subscribe for more! Inscrivez Vous à La Chaîne pour recevoir les meilleurs Clips en exclusivité.


View on YouTube

Comments

Popular Posts