Mèt Morin nan Radio Zenith salanbe Tripotay Lakay. Se gwo kout fout, Vouzan pou tripotay!

Mèt Morin nan Radio Zenith salanbe Tripotay Lakay. Se gwo kout fout, Vouzan pou tripotay!
Mèt Morin nan Radio Zenith salanbe byen salanbe Tripotay Lakay. Se te gwo kout fout ak vouzan pou Tripotay Lakay. Li di li pa bezwen nou releye radio a ankò. Mèt la fache paske nou te lage Audio kote dirèktè Centre Ambulancier National - CAN t'ap demanti enfòmasyon yo te difize ki te fè kwè gen yon masak devan palè. Mèt la estomake paske nou te lage yon audio kote jounalis radio Eclair a Esaue Cesar t'ap demanti Muraille Jeriko ki te di nan zòn kafou gen anpil kawotchou ak tire, epi se te yon foto nan yon lòt peyi'l te pran. Mèt la boude paske te lage Audio kote youn nan jounalis radio a ki se Elia Josue te di: "L'ap fè yo jwenn zam, bal e bay kòb, depi yo vle fè revolisyon" Mèt la sanble pat kontan lè nou te lage Audio kote Muraille Jeriko di manifestasyon yo pa dwè fèt pasifik ankò, se pote kouto, manchèt ak baton. Nou pa konnen si mèt la ta fache tou paske nou te difize yon Audio whatsapp kote Magali Habitan t'ap di li se bòs. Nou rèt kwè li pa fache paske Guerrier Henri te avili'l ke'l te pran kòb nan men PHTK... Antouka, si w ta renmen tande kote mèt la ap deplimen nou ale Subscribe for more! Inscrivez Vous à La Chaîne pour recevoir les meilleurs Clips en exclusivité.


View on YouTube

Comments

Popular Posts