Haiti News - Ekip Kita Nago ap prezante 3 Jounen Lokal



Komite Kita Nago a ki nan Kore Pwodiksyon Lokal la ap mande tout moun kap viv nan peyi a pote kole pou n reyalize ansanm 3 jounen nasyonal konsome lokal nan tout peyi a. Pandan 3 jou sa a se pou nou manje lokal, bwè lokal, abiye lokal soti nan tèt jouk rive nan piye, chante lokal, danse lokal, jwe lokal, gade emisyon lokal nan televizyon, koute emisyon lokal nan radyo. Chak moun ki fin fè yonn nan aktivite sa a make non w sou tèt ak yon pye bwa ou plante.

Annou dakò nou di milyon moun kap viv bò isit la. Si nou chak depanse pou pipiti 300 goud nan yon bagay lokal pou 3 jou sa a. Konbyen lajan kap antre nan peyi a pou 3 jou sa yo?
Pou konpatryòt ki deyò peyi a nou ap bezwen voye ht pandan mwa Avril la bagay ki fèt an Ayiti pou n mete sou nou, epi òganize bèl fèt kote nat tire kont, jwe woslè, sote kòd, chante epi pale sou bon kalite nou genyen kòm pèp

Comments

Popular Posts