Bwa Mare! Lapolis sezi yon pakèt zam ak telefòn bandi 400 mawozo kwadèboukè yo #SuivezMonRegard👀

Bwa Mare! Lapolis sezi yon pakèt zam ak telefòn bandi 400 mawozo kwadèboukè yo #SuivezMonRegard👀
Pral gen kouri pirèd. Pou yon dezyèm fwa, lapolis debake nan kwadèbouke dèyè baz gang 400 mawozo yo. Bandi yo gentan kouri men yo kite zam yo ak yon pakèt telefòn. Pòt pawòl lapolis la di li poko ap di plis de sa yo ta jwenn nan telefòn yo, men nan jou ki gen pou vini la yo, yo gen pou kominike popilasyon an tout enfòmasyon. Yon lòt kote, toujou operasyon Twal arenye a, lapolis met anba kòd Lòlò oubyen Kerton ke anpil moun di se ta bra dwat senatè Nènel CASSY pandan li t'ap eseye kite Ayiti pou al Etazini pa sendomeng. YO akize Kertou ki ta konplis oubyen fizye ajan UDMO a nan yon operasyon leve barikad nan miragwàn. Pòt pawol lapolis la ap bay detay ak bilan pasyèl sou operasyon Twal Arenye a Subscribe for more! Inscrivez Vous à La Chaîne pour recevoir les meilleurs Clips en exclusivité.


View on YouTube

Comments

Popular Posts