Problèm pirèd pou SOGENER: Yo bare Dimitri Vorbe ki abitye chaje leta doub fwa lajan nan yon sèl mwa

Problèm pirèd pou SOGENER: Yo bare Dimitri Vorbe ki abitye chaje leta doub fwa lajan nan yon sèl mwa
Mèt Newton St Just ki se avoka leta Ayisyen nan dosye Kontra Kouran ak #ONA fenk sot met #Sogener (Dimitri Vorbe) ajenou e mete tout detay ki ta montre ke konpayi kouran sa nan koripsyon. Li fè konnen pafwa Sogener chaje leta doub fwa le mwa, sa vle di: non sèlman yo touche lèt de kredi a nan bank lan, epi menm bank lan ba yo yon lòt chèk pou menm mwa a ankò. Mèt Newton ale pi lwen pou'l di, Sogener pa jis yon konpayi men li se yon pati politik paske sou ansyen Prezidan Preval (Nou pa detounen'w) minis yo te gen biro yo nan batiman Sogener, sa vle di pou yo te ka regle oubyen brase lajan yo. Mèt Newton di li tande Sogener ap mande Leta pou yo vinn negosye, pa gen negosye nan dosye sa paske dosye kouran sa se bagay penal, fok yo jije e fok gen yon egzanp ki trase. Mèt Newton met tout kaka chat deyò e reponn Mèt Danton Leger ki se avoka Sogener👇 Subscribe for more! Inscrivez Vous à La Chaîne pour recevoir les meilleurs Clips en exclusivité.


View on YouTube

Comments

Popular Posts